Tout moun konnen si telefòn ou tonbe nan dlo, ou dwe mete’l nan yon sak diri. Malerezman pratik lejand sa kapab antrene plis pwoblèm pou telefòn lan, olye li seche li.
Li t’ap pi bon si telefòn ou tonbe nan dlo pou ou fèmen li oubyen retire batri ki sou li a, mete’l nan yon sache ak yon desikatè atifisyèl, epi prese pote’l nan boutik reparasyon ki pi pre ou a.
Si ou tonbe nan pyèj diri a, ou mèt kwè’m ou pa pou kont ou. Telefòn entèlijan yo(Smartphone) la sèlman depi kèk ane, men gen plizyè douzèn mit ak lejand sou yo. Anpil nan lejand sa yo chita sou chaje epi batri, gen moun menm ki rive kwè telefòn(smartphone) ou ka kwit yon ze.
Èske radiyasyon telefòn emèt kapab kwit yon ze reyèlman? Ki kote mit sa soti?
Yon repons kout, NON. Telefòn yo emèt yon ti kantite radyasyon, men ou ta bezwen 7000 telefòn pou kreye radyasyon pou chofe yon ze.
Se te nan ane 2000, Wymsey Village web te pibliye yon atik satirik ki dekri koman ou kapab itilize 2 telefòn pou’w kwit yon ze. Depi lè sa moun pa sispann repete sou entènèt la, ke li posib pou’w kwit yon ze ak radiyasyon telefòn ou emèt.
Èske si ou retire kat SIM lan sou telefòn lan, sa ka anpeche yo retrase ou?
Nan sinema yo montre nou menm si telefòn lan fèmen oubyen ouvri, otorite yo kapab retrase li. Pa kwè tout sa ou wè nan televizyon.
Kèk fason pou ou anpeche yo retrase telefòn ou:
- Aktive mòd avyon
- Dezaktive sinyal GPS
- Fèmen telefòn lan
- Retire batri a.
Èske telefòn entèfere avèk avyon, estasyon Gaz epi materyèl nan lopital?
Posibilite ki genyen pou telefòn entèfere ak avyon oubyen ekipman medikal yo minim anpil, sa vle di se pa yon bagay ki ka rive fasil.
Men FAA ( Federal Aviation Administration), pa deside riske anyen yo pran desizyon bani sinyal telefòn avan menm avyon an dekole.
Depi lè a tou, yo deside bani sinyal telefòn nan estasyon gaz yo. Men poko janm gen yon ka ki pwouve ke sinyal telefòn te pwovoke yon eksplozyon gazolin. Nouvèl yo toujou blame itilizasyon telefòn lè yon estasyon gazolin pran dife, men ankèt toujou jwenn vrè rezon an.
Èske si’w kite telefòn ou ploge pandan tout yon nwit, pratik sa ka kraze batri a?
Jodia telefòn yo ekipe ak teknoloji pou yo pa depase kantite chaj yo ka pran ( overcharging ). Sa vle di, si batri telefòn lan rive 100% chaj la ap kanpe yon fason ki otomatik.
Men chak fwa batri a rive 99%, tanperati telefòn lan ogmante. Sa ka koze domaj, men, konpayi Apple rezoud pwoblèm sa avèk opsyon ki rele « Optimized Battery Charging » lan.
Genyen yon bann lòt mit ak lejand ki ekziste sou telefòn, ribrik sa fèt pou ede’w konnen eske yo verite oubyen non. Pa ezite poze kesyon ou genyen nan kòmantè.
Sous : pewinternet.org, support.apple.com, snops.com, time.com, science.org.au.