Pou nou rive metrize kisa Blockchain lan ak Bitcoin lan ye vrèman, fòk nou konprann kisa lajan ye e kòman ekzakteman bank yo fonksyone.
Yon ti istwa sou monnen
Avan yo te kreye lajan pou moun fonksyone, mache nou yo te baze sou TWÒK: kise yon echanj pwodwi pou yon lòt oubyen pou plizyè lòt, tou depan de valè yo te atribye ak pwodwi a. Ekzanp, yon cheval te egal ak 2 bèf paske nan epòk sa cheval te pi difisil pou jwenn pase bèf.
Pwoblèm metòd sa te poze, se si kounya moun ki gen cheval la vle yon sèl bèf. Èske yo ta oblije koupe cheval li a fè 2 pati?
Pou rezoud pwoblèm sa, yo oblije kreye monnen ( monnaies, nan lang fransè a).
Premye monnen ki te genyen
Nou jwenn tras monnen byen lontan nan mond lan, tankou dan zannimo, kouto, bout kwiv men tou kolye ki fèt ak bwonz. Monnen yo pat toujou genyen fòm yo genyen jodia.
Bò kote pa yo, lò avèk ajan vini enpòtan. Yo kòmanse itilize yo pou fè pyès ki pral sèvi kòm monnen. Kòm metal ajan an te pi fasil, yo kenbe pratik itilize li plis pou fè monnen, se sa ki fè yo rele monnen an lajan.
Ki kote bank yo pran nesans?
Jan nou di li pi wo a, se te ak lò epi ajan yo te konn fè monnen yo, se 2 metal ki te enpotan anpil. Tout moun te pè kenbe yon kantite paske yo te pè pèdi sa yo genyen.
Kòm se òfèv yo nan epòk sa kite konn fè pyès monnen yo, tout moun komanse mande pou òfèv yo konsève pyès monnen pa yo.
Chak moun kite bay òfèv yo sere lò pou yo, òfèv la te remèt yo yon papye ki gen ladanl kantite pyès lò oubyen ajan moun sa genyen nan menl. Papye sa fasilite moun lan vin pran monnen li oubyen yon pati ladan sa li te bay òfèv la konsève a. Sa ki pèmèt òfèv yo vini premye bankye ki te genyen.
Òfèv yo, entèlijan, yo pwofite prete moun nan pyès lò ak ajan yo ba yo konsève ak enterè. Se sou pratik sa tout bank jodia chita.
Kòb ou a pa nan bank lan vre
Se la nou te bezwen rive reyèlman, ou pa vrèman gen lajan nan bank lan vre oubyen yon fason ki pi senp : pa gen lajan sou kont ou genyen nan bank lan vre.
Si ou wè livrè bank lan ba ou a make 10 000 goud, epi ou panse ou gen 10 000 goud nan bank lan, pèmèt mw di’w ou nan erè.
Lajan ki afiche sou kont ou an se sèlman yon liy kòd ki nan « Base de données » sistèm enfòmatik bank lan. Kantite kòb sa ou wè ki make a vle di se kòb sa bank lan dwe’w, men pa yon kòb li genyen si’w bezwen ou ka jwenn nenpòt lè. Se menm jan ak òfèv yo, anyen pa chanje, bank yo prete kòb ou ba li kenbe pou ou a.
Se sa ki fè si tout moun deside al pran kòb yo genyen nan bank lan ansanm ( bank run, nan lang anglè a), sa ap pwovoke yon katastwòf, l’ap rann bank lan efondre. Sa te rive nan peyi « Grèce » sa gen kèk ane, lè sa leta oblije limite kantite kob ou ka retire.
Atik sa ekri pou pèmèt ou genyen yon ide sou kijan bank yo fonksyone, ki pral pèmèt ou konprann yon seri atik k’ap soti sou Blockchain ak Bitcoin pi devan. Mw eseye rete net e brèf menm si konpotman bank yo leve anpil deba dènye tan sa yo. Si’w gen yon kesyon pa ezite poze li nan kòmantè.
Sous: monargentetmoi.be, lafinancepourtous.com, openclassroom.com, monnaie et banque (livre), bitcoin.org.