Enfòmasyon vini youn nan resous ki plis enpòtan nan tan sa yo, se sa ki fè anpil sit entènèt ak gwo konpayi bay tèt yo devwa pou kolekte enfòmasyon sou moun. Enfòmasyon sa yo pral itilize oubyen revann swa pou sible ou nan piblisite, swa pou siveye nenpòt ti jès ou.
Aprè deklarasyon Edward Snowden ( yon ansyen konsiltan NSA), li ta fè konprann ke Etazini ap siveye tout konvèsasyon k ap fèt nan mond lan; yon gwoup moun ki rele tèt yo “crypto-anarchistes” deside rete oubyen navige anonim sou entènèt la.
Kisa pou w fè, si ou vle navige an sekirite sou entènèt?
Itilize lojisyèl ou fè konfyans ( l ap pi bon si ou ka wè kòd sous yo), ki vle di ou p ap riske anyen, w ap konnen èske lojisyèl la ap kolekte enfòmasyon sou ou.
Kèk lojisyèl ou ka itilize :
Linux: se yon sistèm ekplwatasyon ki lib, e tout moun ki vle kapap li e itilize kòd sous yo. Ou kapap asire ou ke yo p ap itilize done ou san konsantman w. Ki diferan de Windows ak Mac OS, ki se lojisyèl pwopriyetè.
VPN ( Virtual Private Network) : se yon lojisyèl ki pèmèt ou chifre tout kominikasyon ou sou entènèt la pandan l ap itilize youn ou plizyè sèvè relè. Se yon zouti enkontounab nan anpeche yo entèsepte kominikasyon ou sou entènèt la.
Tor : se yon rezo ki pèmèt ou fè tout sa ou bzwen sou entènèt la yon fason anonim.
Firefox: se yon navigatè, li plase pami sa yo ki anpeche yo retrase e kolekte done ou sou entènèt.
GPG: yon teknoloji ki pèmèt ou sekirize oubyen chifre echanj ou genyen sou e-mail ou.
Bitcoin: N ap gen pou pale de li nan lòt atik k’ap soti yo.
Pa ezite poze tout kesyon ou genyen nan kòmantè, mèsi.